Ti Gason – Ibo Combo

Ha

Wololoy

Nan Nouyòk solèy leve
Men se tèt anba l mache
Syèl la tounen maswife
Menm zetwal yo pran glise

Po fig anvayi Broadway
Chak pa ou fè ou vide
Veye zow
Wa veye zow
Veye zow
Wa veye zow


Ti gason mache sou pingaw
Deyò a gen van
Wâa pran refwadisman
Isit monchè tout chelèn
Se grizon

Men ti gason (Gade non ti gason)
Sot maton (Wololoy)
Men ti gason (Gade non ti gason)
Sot pèdan (Wololoy)

Artist: Ibo Combo
Song: Ti Gason / Ti Gaçon
Album: Café
Year: 1972
Origin: Haiti
Selo: Macaya Records – 106

Deixe um comentário